Nouvo Pwojè Nimerizasyon nan Domèn Syans Moun: RSHHGG Lab la aktive!
Sit la se yon endèks entèraktif sou entènèt ki kouvri prèske 100 lane aktivite Revue de la Société Haïtienne d’Histoire, de Géographie et de Géologie, ki li menm se branch magazin sosyete entèlektyèl ki pi ansyen ann Ayiti epi ki toujou aktif jounen jodi a.
Se depi lontan ke espesyalis Atlantik Nò ki ann Ayiti yo rekonèt enpòtans RSHHGG kòm yon achiv total kapital pou rechèch akademik Ayisyen. Poutan, yo prèske pa itilize l nan rechèch akademik an deyò Ayiti. Pou ki sa? O mwen pati nan pwoblèm lan se pito yon bagay banal: magazin enpòtan sila a pa endekse nan okenn bibliyotèk e kon sa li pa parèt nan majorite pratik rechèch tradisyonèl yo.
Pandan yo te kreye l an nan tèt kole avèk Inisyativ Nimerizasyon Nasyonal (National Digital Initiatives) nan Bibliyotèk Kongrè a (Library of Congress) ak « Société Haïtienne d’Histoire de Géographie et de Géologie », sit la vize pou l ogmante enpak achiv sa a ki gen ladan l rechèch akademik ki pibliye ann Ayiti pou fasilite travay chèchè Ayisyen yo oz Etazini kou ann Ayiti, epi nan tout rakwen.
Pou ki sa nou di « lab » ?
Tit pwojè a siyale wòl kolaborasyon, esperimantasyon, ak pataj nan pwojè Laboratwa « National Digital Initiatives yo », ki mete RSHHGG Lab la sou sit esperimantasyon li an. Endèks RSHHGG a ap prezante memo travay entèlektyèl ak chèchè Ayisyen ak sa ki pa Ayisyen yo, pandan ke l ap mete done yo disponib pou ka gen plis esperimantasyon toujou. Nou di “Lab” tou akòz jan fòma espesifik piblikasyon Sosyete a, revi a ye: yon espas pou echanj, konfwontasyon, kreyasyon, ak enterè ki pataje pou savan ak chèchè Ayiti yo.
Kouman sa mache?
Bandwo rechèch la voye kòmann pou yon bibliyografi ‘Zotero’, ki gen ladan yon antre pou chak atik ki pibliye nan jounal la.
Fonksyonalite rechèch la ap kontinye amelyore pandan n ap make epi tage plis atik. Si ou enterese pou w patisipe, tanpri gade Call for Collaborators/Appel à collaboration/Apèl pou kolaborasyon nou an. Tanpri, rasire ke w fè yon ti tchèk sou biyografi ekip kolaboratè nou yo tou!
Sèl bagay ki garanti nan travay nimerizasyon se erè moun. Tanpri kontakte nou oswa kite yon kòmantè sou sit la konsènan nenpòt kontradiksyon ou ta rankontre oubyen tou bay nenpòt sijesyon ou ta genyen. Jwi rechèch ou!