RSHHGG Lab
Endèks ak Lab sou entènèt pou aktivite Revue de la Société Haïtienne d’Histoire, de Géographie et de Géologie
RSHHGG Lab se yon endèks entèraktif sou entènèt ki kouvri prèske 90 lane aktivite Revue de la Société Haïtienne d’Histoire, de Géographie et de Géologie, ki se piblikasyon sosyete entèlektyèl ki pi ansyen ann Ayiti epi ki toujou aktif jounen jodi a. Lè li mete kontni jounal la sou endèks, sit la vize pou l ogmante enpak piblikasyon enpòtan sa a pandan l ap fasilite travay savan Ayisyen yo oz Etazini kou ann Ayiti, epi nan tout rakwen. Se ak tout senserite nou espere pou jefò sa a rive ankouraje kolaborasyon ak nouvo patenarya pandan l ap konekte savan nan tout nivo ki sòti ann Ayiti yo epi moun lokal yo tou.
Rechèch nan endèks la •• Navige endèks la
Plis atik nou make epi tage, se plis fonksyonalite rechèch la ap amelyore! Si w enterese pou w patisipe, tanpri gade Call for Collaborators/Appel à collaboration/Apèl pou kolaborasyon nou an. Tanpri, rasire ke w fè yon ti tchèk sou biyografi ekip kolaboratè nou yo tou!
Pou ki sa nou di “lab”? Tit pwojè a siyale wòl kolaborasyon, esperimantasyon, ak pataj nan pwojè laboratwa nan labs.loc.gov. Endèks RSHHGG a ap prezante memo travay savan ak chèchè Ayisyen ak sa ki pa Ayisyen yo, pandan ke l ap mete done yo disponib pou ka gen plis esperimantasyon toujou. Nou di “Lab” tou akòz jan fòma espesifik piblikasyon Sosyete a, revi a ye: yon espas pou echanj, konfwontasyon, kreyasyon, ak enterè ki pataje pou savan ak chèchè Ayiti yo.